Syllabus
Syllabus Kou HTML ak CSS la
Deskripsyon Jeneral Pou Kou a:
Nan kou sa…
Kèk objektif aprantisaj
– Abilite pratik
- Etidyan yo ap kapab kreye pwòp sit entènèt pa yo men se sèlman sit entènèt statik, tout fwa etidyan ap bezwen plis avanse nan zafè site entènèt dinamik, lap bezwen aprann yon langaj pwogramasyon pa egzanp PHP kap pèmèt li fè tout trètman dinamik lap bezwen, san konte li ka bezwen yon baz nan javascript si sa mande.
– Objektif Akademik
- Nou atann pou etidyan yo byen konprann epi aplike enstriksyon ki nan chak chapit yon fason pou yo ka reyisi nan pwogram yo chwazi yo. Mwayèn minimòm pou yon etidyan pase yon kou se 70%.
Learning Outcomes
- Etidyan nou yo pral montre yon wo nivo pwofesyonèl nan fason yo pale ak nan fason prezante chak pwojè, sa k’ap pèmèt yo prepare tèt yo pou monn laboral la.
- Nou atann pou etidyan yo mete an pratik tout sa yo aprann nan akademi an.
Kou sa gen devwa ke w dwe konplete chak semèn. Pou ka konplete yo nan pwòp vitès pa w. Devwa sa yo ap ede w fini fòmasyon an nan yon tan byen presi (Jeneralman de mwa oswa mwens pa kou). Pi devan nan dokiman sa w’ap jwenn plis enfo sou sa n’ap gen pou’n kouvri chak semèn.
Egzijans oswa prerequisites pou kou sa:
Chak etidyan dwe gen yon editè tèks ak yon navigatè sou òdinatè yo pou yo ka travay, nan pwemye chapit lan nou eksplike sa byen, e nou mete lyen kap pèmèt ou telechaje yo.
Kèk materyèl ke w dwe genyen:
Generalman, Diedo Academy itilize dokiman ki lib pou tout moun itilize san okenn pri pou’l kreye kontni kou yo. Donk, li pa nesesè pou etidyan nou achte okenn liv pou yo reyisi kou yo. N’ap asire nou ke w gen tout dokiman w’ap bezwen yo pou konplete chak chapit ki nan kou a.
Software Requirements/Installation (Kèk pwogram ou dwe enstale)
- Yon chèn Youtube (Oswa lòt platfòm similè)
- Chrome oswa firefox browser/Office suit/
Deskripsyon Jeneral Pou Diferan Chapit ki gen nan Kou a
Vizite pati ki fèt pou sa a andan kou a.
Saw dwe atann nan kou sa
Kou sa ofri yon seri leson ak plizyè opòtinite aprantizaj. Sa gen ladan’l:
- Videyo: Nan videyo sa yo pwofesè yo ap anseye yon seri bagay ki vrèman enpòtan tankou fason pou w itilize yon seri pwogram. Nou ankouraje w gade tout epi poze kesyon si ge yon bagay ou pa konprann.
- Lekti: Videyo yo pa’p sifi pou nou aprann ou tout bagay, donk se sak fè n’ap kite resous pou ou pou li chak semèn. Oudwe li tout resous sa yo epi pran nòt. Ou ka pa ka fè tès yo si w pa fè lekti yo ba w fè yo.
- Aprantisaj Kolektif: Nan aprantisaj kolektif yo ou gen posiblite kolabore ak lòt etidyan parèy ou. Ou ka poze yo kesyon epi reponn kesyon yo genyen tou, Dayè meyè fason w ka asire w ke w konprann yon bagay selè w alèz pou w esplike yon lòt moun li.
- Sijè pou diskisyon yo: Pwofesè a ap bay yon sijè prensipal pou aprantisaj kolektif yo pou chak unit (chapit), men etidyan yo ka elaji aktivite sa lè yo pran plezi poze kesyon sou bagay yo pa byen konprann, e nou vrèman ankouraje yo fè sa.
- Revizyon pèsonèl: Itilize jounal la pou revize sa w te aprann nan semèn nan. Se sèl ou menm ak pwofesè a ki ka wè pati sa donk ou pa bezwen pè pou lòt mou pa wè sa w ap ekri. Li posib pou aktivite sa kote w ranpli jounal la sou yon pwen. Sa vle di, si w pa fè’l ou ka pa pase kou a. Pafwa pwofesè a ka poze w kè k kesyon pou l ede w revize pou chapit la. Tanpri, reponn yo jan yo poze w yo a.
Kèk ti konsèy ki ka ede w reyisi
- Nou konseye w fè tout aktivite ki nan kou a yo nan lòd yo vini an ( premye a, apresa dezyèm nan), paske youn gen rapò ak lòt. Ou ka pa konprann dezyèm aktivite a si w pat fè premye a.
- Patisipe nan tout aktivite pwofesè a mete disponib yo yon fason pou w ka asire w ou konprann chapit la. Ekri yon kou mande anpil tan ak enèji, donk si w wè nou mete yon kontni pou ou se paske l enpòtan anpil.
- Si gen yon bagay ou pa fin byen konprann, eseye revize lekti oswa videyo ki te pale sou li a. Pa bliye fè rechèch sou entènèt. Ekri nan fowòm jeneral kou a pou w mande èd oswa kontakte pwofesè a.
- Gen resous adisyonèl tankou videyo oswa lyen pou lekti. Nou ankouraje w li yo paske y’ap kontribye nan aprantisaj ou.
- Lè w jwenn yon enfòmasyon ki enpòtan nan kou a, pa bliye note’l yon kote yon fason pou w ka re itilize’l pidevan.
- Li epi konprann prensib ki nan fen paj sa yo fason pou ka konn sa ki aseptab ak sa ki pa eseptab sou platfòm academy an
Lè w fini kou a w’ap resevwa yon sètifika
Pou reyisi kou sa, ou dwe konplete tout Tès yo e w dwe fini kou a ak omwen yon 70%. Nou ap ba w yon sètifika lè w fini kou a. (Tanpri note byen ke sètifika nou yo se sèlman yon pwèv ki montre ke w te pran yon fòmasyon nan domèn sila a. Nou pwomèt ou ke n’ap kontinye travay yon fason pou leta peyi Chili ka akredite Academy an).
Kèk abititd ou dwe devlope pou rive konplete kou anliy sa
- Planifye tan’w: Jounen jodi a n’ap viv nan yon epòk kote gen plis distraksyon pase kèlkeswa lòt epòk la. Se sak fè, nou konseye byen planifye tan w. Lefètke se anliy w’ap etidye, li fasil pou w tante al regle lòt bagay sou entènèt la. Ou dwe gen disiplin. Evite di w’a gen tan. Met telefòn ou sou silans lè w pral etidye.
- Etidye nan pwòp vitès pa w: Tout moun aprann yon fason ki diferan. Pa antre nan konpetisyon ak lòt moun. Li pi bon pou w etidye yon tikal bagay chak jou pase pou w nik li tout bagay yon sèl kou. Pa rabache leson yo, si gen yon bagay ou pa konprann, reli’l. Ou p’ap etidye pou nòt la. Ou dwe ka aplike tout sa w ap aprann yo. Si w bezwen plis tan pou w konplete kou a, ou ka kontakte pwofesè a pou w fèl konn sa.
- Ou dwe kirye: Si gen yon bagay nan chapit la ki atire atansyon , fè plis rechèch sou li. Al sou google oswa youtube. Poze kesyon.
- Pran Nòt: Jan nou te konseye sa pi wo a, si gen yon enfòmasyon ou twouve ki enpòtan e w ka itilize’l pi devan, pran bonjan nòt sou sou enfòmasyon sa.
- Kominike ak lòt etidyan yo: Akademi an gen plizyè espas kote w ka jwenn lòt etidyan parèy ou pou w poze kesyon sou yon seri pwen. Pa ezite pwofite espas sa yo. Nan kòmansman kou sa gen yon fowòm epi genyen tou sou facebook. Mande pwofesè w la pou’l ede w jwenn fowòm yo. Nou pa asepte pou etidyan yo pibliye egzamen sou fowòm yo saki ka fè etidyan yo triche. Youn dwe respekte lòt. Revize pwen ki nan fen dokiman sa a yon fason pou w ka konnen kijan w dwe konpòte w nan espas prive akademi an administre yo.
- Update pwofil ou: Nou bò w posiblite pou w edite pwofil ou nan sal klas akademi an. M’konseye w met yon ti deskripsyon tou kout konsènan enterè w. Sa ak fè l pi fasil pou lòt etidyan ki gen menm enterè avè w apwoche w.
Kèk Resous Enpòtan ki ka itil ou
Pou konplete kèk nan aktivite ki gen nan kou sa, ou ka oblije itilize youn nan resous ki annapre yo (sheets, excell, powerpoint, slide elatriye). Dayè antanke pwofesyonèl, ou dwe byen konn itilize majorite pou n pa di tout resous sa yo. Pou w ka jwenn èd sou fason pou w itilize pwogram sa yo, n’ap kite kèk lyen pou ou (li posib pou enfòmasyon ki sou paj sa yo pa disponib an kreyòl, men ou ka jwenn yo an fransè).
- Microsoft Word: Help and learning: Microsoft Support page for Word
- Google Docs: Help Center page for Google Docs
- Microsoft Excel: Help and learning: Microsoft Support page for Excel
- Google Sheets: Help Center page for Google Sheets
- Microsoft PowerPoint: Help and learning: Microsoft Support page for PowerPoint
- How to use Google Slides: Help Center for Google Slides
Yon Vizyon jeneral sou fason kou a pral dewoule
Sa se yon “outline” oswa yon rezime jeneral sou fason kou a pral dewoule chak semèn.
Unit 1: sijè…
-
- Li epi gade gid aprantisaj la ak lòt lekti ak videyo ki obligatwa pou chapit la.
- Revize tout devwa w’ap gen pou w fè pou chapit la epi fè yon plan, si gen yon pwojè ou pa konprann oswa ou gen pwoblèm pou w konplete, avize pwofesè w la atan.
- Patisipe nan seyans aprantisaj kolektif pou semèn nan
- Pran tout kwiz ak tès ki genyen yo
- Ranpli jounal la
- Pran Sondaj ki nan kòmansman Kou a
Unit 2: sijè
-
- Li epi gade gid aprantisaj la ak lòt lekti ak videyo ki obligatwa pou chapit la.
- Revize tout devwa w’ap gen pou w fè pou chapit la epi fè yon plan, si gen yon pwojè ou pa konprann oswa ou gen pwoblèm pou w konplete, avize pwofesè w la atan.
- Patisipe nan seyans aprantisaj kolektif pou semèn nan
- Pran tout kwiz ak tès ki genyen yo
- Ranpli jounal la
Unit 3: sijè
-
- Li epi gade gid aprantisaj la ak lòt lekti ak videyo ki obligatwa pou chapit la.
- Revize tout devwa w’ap gen pou w fè pou chapit la epi fè yon plan, si gen yon pwojè ou pa konprann oswa ou gen pwoblèm pou w konplete, avize pwofesè w la atan.
- Patisipe nan seyans aprantisaj kolektif pou semèn nan
- Pran tout kwiz ak tès ki genyen yo
- Ranpli jounal la
Unit 4: sijè
-
- Li epi gade gid aprantisaj la ak lòt lekti ak videyo ki obligatwa pou chapit la.
- Revize tout devwa w’ap gen pou w fè pou chapit la epi fè yon plan, si gen yon pwojè ou pa konprann oswa ou gen pwoblèm pou w konplete, avize pwofesè w la atan.
- Patisipe nan seyans aprantisaj kolektif pou semèn nan
- Pran tout kwiz ak tès ki genyen yo
- Ranpli jounal la
Unit 5: sijè
-
- Li epi gade gid aprantisaj la ak lòt lekti ak videyo ki obligatwa pou chapit la.
- Revize tout devwa w’ap gen pou w fè pou chapit la epi fè yon plan, si gen yon pwojè ou pa konprann oswa ou gen pwoblèm pou w konplete, avize pwofesè w la atan.
- Patisipe nan seyans aprantisaj kolektif pou semèn nan
- Pran tout kwiz ak tès ki genyen yo
- Ranpli jounal la
Unit 6: sijè
- Li epi gade gid aprantisaj la ak lòt lekti ak videyo ki obligatwa pou chapit la.
- Revize tout devwa w’ap gen pou w fè pou chapit la epi fè yon plan, si gen yon pwojè ou pa konprann oswa ou gen pwoblèm pou w konplete, avize pwofesè w la atan.
- Patisipe nan seyans aprantisaj kolektif pou semèn nan
- Pran tout kwiz ak tès ki genyen yo
- Ranpli jounal la
Unit 7: sijè
-
- Li epi gade gid aprantisaj la ak lòt lekti ak videyo ki obligatwa pou chapit la.
- Revize tout devwa w’ap gen pou w fè pou chapit la epi fè yon plan, si gen yon pwojè ou pa konprann oswa ou gen pwoblèm pou w konplete, avize pwofesè w la atan.
- Patisipe nan seyans aprantisaj kolektif pou semèn nan
- Pran tout kwiz ak tès ki genyen yo
- Ranpli jounal la
Unit 8: sijè
-
- Li epi gade gid aprantisaj la ak lòt lekti ak videyo ki obligatwa pou chapit la.
- Revize tout devwa w’ap gen pou w fè pou chapit la epi fè yon plan, si gen yon pwojè ou pa konprann oswa ou gen pwoblèm pou w konplete, avize pwofesè w la atan.
- Patisipe nan seyans aprantisaj kolektif pou semèn nan
- Pran tout kwiz ak tès ki genyen yo
- Ranpli jounal la
Unit 9: Revizyon Sou Kou a Ak Egzamen Final
- Li gid aprantisaj pou ki pou chapit sa a epi fè tès pou revizyon an “plizyè fwa”.
- Prepare w epi fè egzamen final la.
- Pran sondaj ki nan fen kou a
Bon siksè!
Kèk Obligasyon Pou Kou sila a:
Aprantizaj Kolektif Yo
Prèske tout chapit yo gen yon aktivite ki mande pou w travay ak kondisip ou yo. Devwa sa yo vrèman enpòtan paske li pèmèt nou kolabore ansanm e sa pèmèt youn aprann de lòt. Fè efò pou w pa rate bèl opòtinite sa yo. Li t’ap bon pou w voye devwa w yo byen bonè nan kòmansman chapit la yon fason pou pwofesè ak etidyan yo gen ase tan pou yo li epi fè kòmantè sou travay ou yo nan aktivite sa yo. Nou pa tolere feedback k’ap rabese moun nan jan de forum sa yo. Si gen yon bagay ki pa bon nan devwa yon etidyan, ede’l korije sa avèk respè. Pa bliye trete tout moun menm jan w ta renmen yo trete w. Pa di yon moun trè byen si devwa’l la gen kèk bagay li ka amelyore. Annou ede youn lòt avanse.
Devwa sou fòm videyo yo
Li posib pou nou mande w pou w kreye yon videyo pou ka prezante nou yon devwa oswa yon pwojè. Nan ka sa, ou ka met videyo a sou entènèt (sou youtube oswa vimeo an prive), epi aprè sa, ou ka pataje lyen an ak pwofesè ki asosye ak kou a. Pou plis enfòmasyon, kontakte pwofesè w la.
Jounal Pèsonèl yo
Nan chak chapit, li posib pou nou mande w pou w ekri yon ti rezime sou sa w te aprann pandan tout chapit la. Pafwa nou ka poze w kèk kesyon ki rezime pwen enpòtan yo. Li enpòtan pou w ranpli jounal la paske pi devan li ka itil pou w fè revizyon.
Glosè ki asosye ak kou a
Gen kèk espresyon ki vrèman konplike nan kou sa. Jeneralman, n’ap eseye bay plis esplikasyon sou espresyon sa yo nan pati glosè a. Se sak fè nou ankouraje’w vizite’l souvan. Si gen yon mo oswa espresyon ou pa konprann pa nan glosè a, tanpri ekri pwofesè ki asosye ak kou a pou’l ka ba ou plis esplikasyon.
Tès Yo
Kou sa gen diferan tès ladan’l ki pou ede w teste konesans ou pandan w ap avanse nan kou a. Nou konseye’ w pran tout tès sa yo paske yo sou pwen epi yo souliye yon seri konsèp ki enpòtan anpil nan kou a.
Kwiz/tès Pou Revizyon Jeneral
Nan chapit nèf la, li posib pou pwofesè yo ba ou yon quiz ki pèmèt ou tout revize sa w te aprann nan kou a. Nou konseye w fè tès sa plizyè fwa anvan w fè egzamen final la. Men pa bliye ou dwe revize nòt yo.
Egzamen final la
Nan egzamen final la, ou gen opòtinite pou w pwouve ke w te aprann yon bagay vrèman nan kou a. Nou ankouraje w revize tout chapit anvan yo yon fason pou w asire w ou pare pou w pase egzamen an.
- Egzamen Final yo gen ant 20 a 30 kesyon
- Ou gen yon sèl chans pou w pran egzamen an. Si’w pa pase, kontakte pwofesè a pou’l repwograme yon lòt pou ou. Si apre 3 egzamen ou toujou pa pase, n’ap konsidere w pa pase kou a.
- Se pwofesè a k’ap detèmine konbyen tan egzamen an ap dire.
- Ou ta dwe wè nòt la afiche kou w fini tès la.
- Pwofesè a ap deside si’l ap kite feedback ou non sou kesyon yo. Si gen yon kesyon w twouve ki pa byen poze oubyen w reponn li byen men sistèm nan pa bò w pwen pou li, ou ka kontakte pwofesè a.
Fowòm Jeneral yo
Fowòm sa yo se bon kote pou w entèraji ak pwofesè yo ak etidyan parèy ou yo. Pwofite poze kesyon pou nou you pi byen konnen lòt, epi si gen kèk bagay nou pa konprann nan kou a, nou ka itilize espas sa yo pou nou chèche èd.
Kèk Prensip pou kou a:
Tablo Konsantrasyon Nòt yo
Each graded component of the course will contribute some percentage to the final grading scale, as indicated below:
Echèl pou nòt yo
Kou sa ap swiv menm echèl 100 pwen yo itilize Nan sistèm edikatif Peyi Etazini an jan sa parèt pi ba a:
Nòt Sou Fòm Lèt | Echèl nòt | Pwen pou chak ranje nòt |
---|---|---|
A+ | 98 – 100 | 4.00 |
A | 93 – 97 | 4.00 |
A- | 90 – 92 | 3.67 |
B+ | 88 – 89 | 3.33 |
B | 83 – 87 | 3.00 |
B- | 80 – 82 | 2.67 |
C+ | 78 – 79 | 2.33 |
C | 73 – 77 | 2.00 |
C- | 70 – 72 | 1.67 |
D+ | 68 – 69 | 1.33 |
D | 63 – 67 | 1.00 |
D- | 60 – 62 | 0.67 |
F | piba 60 | 0.00 |
Reklamasyon pou nòt ou te resevwa a
Yon Etidyan dwe fè omwen 80 pwen pou li pase yon kou nan Diedo Academy, as ki koresponn ak yon lèt C. Si’w santi w te resevwa yo move nòt pa ezite ekri nou pou n revize sa. Note byen ke nou p’ap chanje nòt final yo si pa gen bonjan rezon pou sa.
Patisipasyon
Nou vrèman strik ak kesyon patisipasyon an. Nou espere pou tout etidyan patisipe aktivman nan diferan aktivite yo, dayè sèl fason sa y’ap rive develope kapasite ki mache ak sa yo. Etidyan yo gen devwa yo dwe prezante chak semèn. Tout Etidyan ki pa prezante devwa yo pandan de semèn san yon rezon valab teknikman echwe nan kou a. Kèk pwen enpòtan tout etidyan konsidere:
- Tout devwa dwe prezante nan lè ki detèmine pou sa a. Si gen yon rezon ki fè’w paka prezante yo devwa etidyan an ekri pwofesè a anvan dat limit lan pou avize’l.
- Si gen yon rezon kèlkonk ki fè’w paka voye devwa a a tan ou dwe ekri pwofesè pou fè’l konn sa.
- Tout devwa yo dwe prezante pa mwayen platfòm aprantizaj akademi an. Nou pa resevwa devwa pa mwayen kourye elektwonik, WhatsApp, oswa lòt.
Kesyon onètete akademik
Nou pa sitire moun k’ap pran poul oswa kopye devwa lòt moun pou yo fèl pase pou travay pa yo. Nou itilize yon seri pwogram enfòmatik pou ede nou detekte jan de pwoblèm sa. Nou ka met fen nan yon kontra ak yon etidyan k’ap kopye san pou ranbouse’l okenn lajan sil resevwa plis ke 3 avètisman pou move konduit tankou akizasyon sekyèl, plajyè, zèv rasis, elatriye. Si w itilize travay yon lòt moun pou fè yon devwa, ou dwe itilize fòma APA a pou bay kredi ak otè travay original la.
Nòt Sou Kèk Pwen Enpòtan konsènan Konduit nou Sou platfòm Academy an genyen yo:
Respè youn pou lòt vrèman enpòtan sou tout platfòm Diedo Academy yo.
Kèk lòt pwen enpòtan:
- Tout materyèl kou yo se pwopriete Diedo Academy, e yo pa dwe itlize yo nan okenn lòt etablisman edikatif san pèmisyon Akademi an.
- Okenn moun pa gen dwa mete videyo ki fèt espesyalman pou akademi an sou kanal oswa reso sosyal yo san pèmisyon Akademi an.
- Tout dokiman ki fèt pou Akademi an dwe gen logo Akademi an pa anlè, agoch. Otè dokiman an dwe mete non’l ak e-mail li nan tèt dokiman an. Depatman li reprezante a dwe afiche nan pye dokiman an, adwat.
- Moun pa gen dwa vin fè deba sou relijyon, politik, oryantasyon seksyèl, oswa kèlkeswa lòt sijè ki ka lakòz divizyon nan mitan kominote Akademi an.
- Pwofesè yo pa dwe mande Etidyan yo okenn èd ekonomik, ni yo pa dwe eseye koutize yo sou platfòm Akademi an.
- Nou pa sitire okenn zak derespektan anvè Pwofesè yo, Kamarad klas yo, oswa kèlkeswa lòt itilizatè platfòm sa.
- Nou pa sitire zak rasis, vyolans vèbal oswa menas, betiz, elatriye nan espas Akademi an.
- Nou kondane tout fòm move “netikèt” sou platfòm nou yo.
- Pwofesè yo gen dwa saksyone kèlkeswa etidyan yo avèti plizyè fwa paske yo vyole you’n nan prensip ki anwo yo.
- Mèsi paske w chwazi fè pati Akademi an. Ansanm nou ka patisipe nan kreye yon edikasyon ki gen kalite e ki aksesib pou tout moun.
- Nou pa bay okenn moun pèmisyon itilize kontni nou yo pou kesyon komèsyal oswa pou yo vyole lalwa kèlkeswa peyi a.