Ojektif Kou a
Objektif fòmasyon sa a, se pèmèt etidyan yo kapab gen yon baz nan HTML avèk CSS a la fen pou yo kapab kreye pwòp sit intènèt yo swa PAJ WEB oubyen SIT WEB. Pandan fòmasyon sa a, nap jwenn lyen k’ap pèmèt nou apwofondi plis toujou, pandan map la pou ede nou nan difikilte nou kapab rankontre.
Kisa PAJ WEB lan ye?
Yon PAJ WEB se yon fichye HTML, se yon fòma fichye tèks ki kapab modifye, lè wap kreye l lap genyen fòma.html. ladann ou ka jwenn imaj,tèks,lyen,medya, elatriye. Li kapab lye avèk yon lòt paj atravè yon lyen.
Kisa SIT WEB lan ye?
Yon SIT Web se yon ansanm de paj ki lye antre yo, ki aksesib an liy.
Nan kou sa w’ap aprann html ak css ki se de langay ki fondamantal nan kesyon devlopman nenpòt sit entènèt la.
Course Features
- Lectures 21
- Quizzes 5
- Duration Lifetime access
- Skill level Intermediate
- Language English - Creole
- Students 39
- Certificate No
- Assessments Self
Curriculum
- 10 Sections
- 21 Lessons
- Lifetime
- Syllabus2
- Unit 1: WordPress IntroducionNan Chapit sa w'ap gen pou w aprann kisa wordpress ye e diferan fason w ka itilize zouti puisan sa a pou w fè lajan sou entènèt la.3
- Unit 2:Menmjan anvan nou fè yon kay nou chita pou nou planifye tout bagay, anvan nou kreye yon sit entènèt, keseswa se pou tèt nou oswa pou yon lòt moun, nou chita pou nou planifye plizyè bagay tankou ki sam pral vann sou sit la, konbyen moun ki ka vizite l chak jou, ki sam bezwen pou sit la fèt, ki koulè m'ap ba li, elatriye. Nan chapit sa, w'ap kòmanse aprann bonjan fason w ka fè jan de planifikasyon sa yo.3
- Unit 3:Nan chapit sa, ou pral kòmanse familyarize'l ak backend WordPress la. Backend lan se kote ou konfigire tout sa w vle vizitè w yo wè sou sit la lè yo vizite l.3
- Unit 4Nan Chapit sa, N'ap kontinye metrize backend lan epi n'ap kòmanse travay sou frontend sit nou an ki se pati kliyan yo wè lè yo vizite sit la.4
- Unit 5Nan Chapit sa, n'ap kontinye travay sou frontend lan, epi n'ap travay tou sou yon seri lòt platfòm tankou Google Analytics ak Search Console3
- Unit 6 : Introduction to E-commerceFelisitasyon, ou deja rive nan dènye chapit kou a! Nou pral entwodui w sou kèk aspè legal, Komès Anliy, epi se la w'ap konplete pwojè final la.2
- Unit 73
- Unit 82
- Pwojè Final1
Requirements
- Lefètke kou a se anliy li fèt, ou dwe gen aksè ak entènèt
- W'ap pi byen pwofite kou sa si w gen yon òdinatè
- Kou sa mande pou w rezève ant 2 a 5 èdtan chak semèn pou w etidye
- Nou rekòmande w achte kaye ak plim pou w ka pran nòt
- Kou sa fèt yon fason pou w tou kreye yon sit pandan w ap konplete kou a. Kòmanse panse a ki tip de sit ou ka bezwen!
- Li ka pi fasil pou ou si w deja gen yon ti ide sou fason pou w itlize yon laptop, byenke se pa yon obligasyon.
Features
- Ou ka etidye kèlkeswa kote w ye, nenpòt lè w vle.
- Kou a fèt an Kreyòl Ayisyen
- Plis pase 50 leson ak egzèsis ki pou ede w byen metrize Pwogram yo
- Bonjan pratik regilyèman pou ede w rezoud kèlkeswa pwoblèm ou te ka rankontre nan kou a
- Diferan espas kote w ka kontakte nou pou w poze kesyon
- Diferan Teknik pou w fè lajan ak sit ou a
- Fason pou w kreye/administre sit pou lòt moun
Target audiences
- Tout moun ki gen yon òdinatè e ki gen aksè ak entènèt ka pran kou sa
- Kou sa fèt espesyalman pou tout ayisyen ki vle kòmanse fè lajan sou nèt la