Ou ta renmen kreye pwòp sit entènèt pa w pou w fè lajan? Ebyen kou sa a se pou ou! Kou sa gen kòm objektif montre w yon seri teknoloji ki trè avanse pou w ka rive devlope sit entènèt ki konpetitif. Lè w fini kou sa a, w’ap ka devlope diferan modèl sit sou WordPress : e-commerce, Blog, dropshipping, affiliate website, ak anpil lòt ankò. N’ap ba ou teknoloji yo, epi aprè sa, sèlman imajinasyon w ki ka rete w!
Course Features
- Lectures 40
- Quizzes 6
- Duration Lifetime access
- Skill level Intermediate
- Language English - Creole
- Students 43
- Certificate No
- Assessments Self
Curriculum
- 6 Sections
- 40 Lessons
- Lifetime
Expand all sectionsCollapse all sections
- Unit 1: WordPress IntroducionNan Chapit sa w'ap gen pou w aprann kisa wordpress ye e diferan fason w ka itilize zouti puisan sa a pou w fè lajan sou entènèt la.8
- 1.1Lesson 1: Kisa WordPress Ye?1 Hour
- 1.2Lesson 2: Ki Avantaj WordPress Genyen?12 Minutes
- 1.3Lesson 3: The WordPress DashBoard Intro40 Minutes
- 1.4Lesson 4: Konpozan WordPress yo
- 1.5Lesson 5: Fason m ka fè lajan ak WordPress45 Minutes
- 1.6Lesson 6: Fason m ka byen pwofite kou sa10 Minutes
- 1.7Practice 1
- 1.8Quiz 120 Minutes10 Questions
- Unit 2: Etap Analiz yoMenmjan anvan nou fè yon kay nou chita pou nou planifye tout bagay, anvan nou kreye yon sit entènèt, keseswa se pou tèt nou oswa pou yon lòt moun, nou chita pou nou planifye plizyè bagay tankou ki sam pral vann sou sit la, konbyen moun ki ka vizite l chak jou, ki sam bezwen pou sit la fèt, ki koulè m'ap ba li, elatriye. Nan chapit sa, w'ap kòmanse aprann bonjan fason w ka fè jan de planifikasyon sa yo.9
- Unit 3: Mastering The BackendNan chapit sa, ou pral kòmanse familyarize'l ak backend WordPress la. Backend lan se kote ou konfigire tout sa w vle vizitè w yo wè sou sit la lè yo vizite l.7
- Unit 4Nan Chapit sa, N'ap kontinye metrize backend lan epi n'ap kòmanse travay sou frontend sit nou an ki se pati kliyan yo wè lè yo vizite sit la.8
- Unit 5Nan Chapit sa, n'ap kontinye travay sou frontend lan, epi n'ap travay tou sou yon seri lòt platfòm tankou Google Analytics ak Search Console9
- Unit 6 : Introduction to E-commerceFelisitasyon, ou deja rive nan dènye chapit kou a! Nou pral entwodui w sou kèk aspè legal, Komès Anliy, epi se la w'ap konplete pwojè final la.5
Requirements
- Lefètke kou a se anliy li fèt, ou dwe gen aksè ak entènèt
- W'ap pi byen pwofite kou sa si w gen yon òdinatè
- Kou sa mande pou w rezève ant 2 a 5 èdtan chak semèn pou w etidye
- Nou rekòmande w achte kaye ak plim pou w ka pran nòt
- Kou sa fèt yon fason pou w tou kreye yon sit pandan w ap konplete kou a. Kòmanse panse a ki tip de sit ou ka bezwen!
- Li ka pi fasil pou ou si w deja gen yon ti ide sou fason pou w itlize yon laptop, byenke se pa yon obligasyon.
Features
- Ou ka etidye kèlkeswa kote w ye, nenpòt lè w vle.
- Kou a fèt an Kreyòl Ayisyen
- Plis pase 50 leson ak egzèsis ki pou ede w byen metrize Pwogram yo
- Bonjan pratik regilyèman pou ede w rezoud kèlkeswa pwoblèm ou te ka rankontre nan kou a
- Diferan espas kote w ka kontakte nou pou w poze kesyon
- Diferan Teknik pou w fè lajan ak sit ou a
- Fason pou w kreye/administre sit pou lòt moun
Target audiences
- Tout moun ki gen yon òdinatè e ki gen aksè ak entènèt ka pran kou sa
- Kou sa fèt espesyalman pou tout ayisyen ki vle kòmanse fè lajan sou nèt la